
Voix des Usagers d’Haïti (VUH), yon òganizasyon sosyete sivil ki vize defann dwa itilizatè sèvis piblik ak prive yo, lanse ofisyèlman aktivite li nan vil Jakmèl dimanch 6 septanm 2026. Òganizasyon an, ki pran nesans nan depatman Sidès la, te kòmanse refleksyon li depi 14 janvye 2026, anvan plizyè rankont ak konsiltasyon te mennen nan chwa non « Voix des Usagers d’Haïti ». Komite a gen nan tèt li Roger David kòm kòdonatè .
Yon òganizasyon ki soti nan konsta sou kalite sèvis yo
Aktivite lansman an te kòmanse avèk yon moman lapriyè, anvan patisipan yo te leve kanpe pou rann omaj ak drapo nasyonal la epi chante premye kouplè im nasyonal la an kreyòl.

Nan okazyon an, responsab VUH yo te esplike nesesite ki mennen nan kreyasyon òganizasyon an. Daprè yo, lide a soti nan yon seri konsta kèk sitwayen te fè sou difikilte popilasyon an ap rankontre lè l ap chèche jwenn sèvis li gen dwa resevwa, kit se nan sektè piblik la, kit se nan sektè prive a.
Premye rankont gwoup la te fèt mèkredi 14 janvye 2026 nan Shady Hotel, kote patisipan yo te kòmanse reflechi sou yon non pou estrikti a. Se apre plizyè rankont ak konsiltasyon, espesyalman nan twazyèm rankont lan, yo te finalman adopte non Voix des Usagers d’Haïti (VUH).
Defann dwa itilizatè yo
VUH prezante tèt li kòm yon òganizasyon sosyal ki pa la pou fè pwofi. Li pran nesans nan Sidès la, avèk anbisyon pou pwolonje aksyon li sou tout teritwa nasyonal la.
Misyon prensipal li se defann enterè itilizatè sèvis piblik ak prive yo epi fè pledwaye pou aplikasyon lwa ki deja egziste nan peyi a.
Responsab yo mete aksan sou lefèt ke yon lwa pa dwe rete sèlman nan Jounal Ofisyèl oswa nan dokiman Leta. Daprè yo, lè yon lwa egziste, li dwe gen efè konkrè nan lavi sitwayen yo.

Pami pwoblèm VUH vle travay sou yo genyen aksè ak sèvis piblik, respè dwa itilizatè yo, aplikasyon lwa sou frè lekòl, aksè ak sèvis sante nan lopital piblik, kesyon lekòl Leta k ap fonksyone tankou lekòl prive, transparans ak responsabilite nan sèvis piblik yo, ansanm ak lòt dispozisyon legal ki fèt pou pwoteje sitwayen yo.
« Sitwayen an dwe konnen dwa li »
VUH vle sèvi kòm yon pon ant itilizatè sèvis yo ak enstitisyon ki gen responsablite pou bay sèvis sa yo.
Nan prezantasyon yo, responsab òganizasyon an fè konnen itilizatè sèvis piblik yo pa ta dwe konsidere tèt yo kòm moun k ap mande yon favè, men kòm sitwayen ki gen dwa pou resevwa sèvis Leta dwe bay yo dapre lwa ak règleman ki an vigè yo.
Nan sans sa a, VUH mete pami objektif li yo defann dwa itilizatè yo, mande pou sèvis piblik ak prive yo respekte obligasyon legal yo, fè pledwaye pou aplikasyon lwa yo, fòme itilizatè yo sou dwa ak devwa yo epi mande aktè konsène yo pran responsabilite yo, atravè vwa laprès ak lòt mekanis legal, tankou aksyon jidisyè.
Yon apèl pou sitwayen yo mete tèt yo ansanm
Nan lansman an, VUH deklare li vle patisipe nan batay pou respè dwa sitwayen yo, pandan li envite tout moun ki konsène ak kesyon sa a pou mete tèt yo ansanm nan demach la.
Responsab yo ensiste sou nesesite pou itilizatè sèvis yo kapab eksprime pwoblèm yo, fè konnen bezwen yo epi patisipe nan pwosesis amelyorasyon sèvis y ap resevwa yo.
« VUH se vwa moun ki san vwa yo, vwa moun ki pi fèb yo e se vwa tout sitwayen k ap viktim chak jou nan sèvis yo dwe jwenn », se mesaj responsab yo te lanse pandan aktivite a.
Yo konkli ak yon apèl pou tout aktè konsène yo kontinye fè tande vwa itilizatè yo.
Yon komite ki gen 11 manm
Nan kad lansman ofisyèl la, responsab yo te prezante komite ki pral dirije VUH la pou yon peryòd tan. Estrikti a gen 11 manm, avèk plizyè pòs responsablite.
Komite a gen ladan:
- Kòdonatè : Roger David
- Vis-kòdonatè : Beauduy Jeannis
- Sekretè jeneral : Fabienne Celestin
- Sekretè adjwen : Michelet Dominique
- Trezoryè : Nadège Samedi
- Pòtpawòl : Sibène Antoine
- Delege : Lifaite Jeudi
- Delege : Clocène Cherubin
- Delege : Willy Beaudo
- Konseye : Sergot Remarque
- Konseye : Iternil Agella
Avèk lansman sa a, Voix des Usagers d’Haïti anonse kòmansman yon demach li prezante kòm yon angajman pou defans dwa itilizatè sèvis piblik ak prive yo epi pou ankouraje plis transparans ak responsabilite nan fason sèvis yo bay nan peyi a.
Jacmel info
