Se yon lopital St Michel ki dekore depi nan rantre a jis rive nan gran sal konsiltasyon an , koulè woz ak blan epi mov tou . Sa atire atansyon anpil moun . Nan okazyon fèt manman yo , administrasyon lopital Sen Michel Jakmèl demare jodi mèkredi 27 me 2026 la twa jou sansibilizasyon ak konsiltasyon, depistaj kansè kòl matris ak kansè nan tete pou medam yo kap fèt gratis soti 27 rive 29 me a nan kad aktivite « semaine de la mère / semenn manman yo .» Fanm yo kapab pase nan lopital la , pa gen yon goud yap peye pou sa .
Dapre Doktè Joseph Jean Pierre , direktè medikal lopital Sen Michel , kansè kòl matris ak kansè nan tete se maladi ki danjere ; anpil fanm mouri chak ane nan maladi saa ; e pafwa an Ayiti lè fanm yo mouri konsa moun yo konn bali lòt konotasyon di se dyab ki fè sa . Nan sans saa , Doktè a ankouraje tout fanm ki nan pratik seksyèl pou fè tès depistaj kansè kòl matris ak kansè nan tete pou yo ka gentan jwenn swen pou rete an sante paske gen yon estad maladi a gentan rive , li pap ka trete ankò , se lanmò . Pa tann se lèw malad pou w vin konsilte . Doktè Jean Pierre konseye fanm yo pou pa lage kò yo nan move pratik seksyèl nenpòt kijan , li mande yo pou pwoteje tèt yo paske lasante se lavi.
Li fè konnen tou apre 3 jou a , lopital la ap toujou rete ouvè pou tout fanm yo vin fè konsiltasyon , depistaj kansè kòl matris ak kansè nan tete . Manman enpòtan anpil nan lavi timoun yo , doktè a priye tout manman pou byen jere sante yo.
Bò kote pa li mis Louna Chery , direktris swen enfimye nan lopital la , avanse anplis sansibilizasyon ak depistaj kansè kòl matris ak kansè nan tete kap fèt gratis nan lopital la pandan 3 jou saa yo , lopital la pwofite tou mennen kanpay sansibilizasyon sou akouchman ak sante matènèl ; ap genyen tou seyans pou moutre fanm yo fason pou evite kansè nan tete . Mis Louna kontinye pou eksplike nan dekorasyon yo , yo rann omaj ak tout manman ki mouri pandan yap fè pitit se sak fè gen bouji ak koulè mov nan dekò yo .
Mis Louna fè konnen tou , vandredi 29 me a , lopital la ap louvri yon klinik post-natal nan lide pou manman yo ka kontinye vin konsilte e pran swen apre akouchman . Responsab yo estime apre manman yo fin akouche nan lopital la yo ale lakay yo , lopital la pa gen kontwòl yo ankò , eske yap viv oubyen eske yo kontinye jere sante yo byen . Klinik saa ap fasilite manman yo vin pran swen apre akouchman .
Pou fini , 2 responsab saa yo nan lopital la mis Louna ak doktè Joseph Jean Pierre konseye fanm yo , manman yo toujou fè prevansyon, vin konsilte pou jwenn swen sante nesesè kap pèmèt yo rete an bòn sante.
Jacmel info
Ministère de la Santé Publique et de la Population
Direction Sanitaire du Sud-est
OPS/OMS Haïti
UNICEF Haiti
UNFPA Haiti
UNFPA
