
Ajan Sekirite Elektoral (ASE) yo leve vwa yo pou mande responsab Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP/CEP) bay yon klarifikasyon ofisyèl sou peman yo ak frè fonksyònman ki dwe akonpaye travay yo. Dapre yo, yo deja ap travay depi anviwon de mwa san yo poko resevwa okenn pèman.
Ajan Sekirite Elektoral yo fè konnen sitiyasyon sa a ap soulve anpil kesyon pami yo, sitou akoz absans enfòmasyon klè sou montan yo dwe touche ak dat kote peman yo ta dwe fèt.
Nan yon mesaj yo adrese ak responsab KEP/CEP la, ASE yo raple yo kontinye ranpli misyon yo avèk disiplin, malgre yo poko jwenn yon goud pou travay yo deja akonpli.
Yo mande transparans sou peman ak frè fonksyònman
Dapre ajan yo, yo bezwen yon pozisyon ofisyèl nan men otorite elektoral yo sou plizyè pwen, pami yo montan peman ASE yo, frè fonksyònman ki prevwa pou yo, ansanm ak dat peman an.
Yo mande KEP/CEP la pou l pran sitiyasyon yo an konsiderasyon epi bay yon repons klè sou delè ak modalite sou Kijan yap touche .
« Nou pa mande anyen ki depase sa ki dwe fèt; nou sèlman mande transparans, respè ak peman pou travay nou deja akonpli », se sa yo deklare .
ASE yo di yo vle kontinye sèvi pwosesis elektoral la
Malgre difikilte yo soulve a, Ajan Sekirite Elektoral yo deklare yo respekte misyon yo e yo kontinye ranpli responsablite yo nan kad pwosesis elektoral la.
Yo espere responsab KEP/CEP yo pote yon repons rapid ak konkrè sou sitiyasyon an.
« Nou se ASE, nou travay pou pwosesis elektoral la; nou mande pou dwa nou kòm travayè yo respekte », se sa yo fè konnen nan fen mesaj la .
Jacmel info
