Nan Lavale Jakmèl, plizyè misèk deja enstale sou vèsan 2 Lak Meyak la nan kad yon gwo inisyativ lokal ki vize konbit pou pwoteje lak la. Travay sa a ap fèt anba kowòdinasyon agwonòm Jean Raynaud Gabriel ansanm ak Source D’Espoir Communautaire (SECOM).
Pwojè a jwenn sipò finansye Gwoup Konbit ak Simen Semans pou Konbit Chanjman Sosyal. Objektif prensipal li se konbat ewozyon ki ap pote anpil sediman ki kontribye nan konble lak la, pandan y ap travay pou konsève dlo ak tè yo nan zòn nan.

Responsab yo mete aksan sou yon apwòch patisipatif kote tout kategori moun enplike: fanm, gason, timoun, tifi, ansanm ak moun ki gen mobilite redui. Menm moun ki soud, tankou Kepler, rete yon manm aktif nan konbit la, sa ki montre enpòtans enklizyon sosyal nan pwojè a.

Pwojè a benefisye yon sibvansyon 150 mil goud, li te lanse depi mwa fevriye 2026 epi li prevwa rive nan bout li nan fen mwa me 2026. Inisyativ la make yon pa enpòtan nan direksyon pwoteksyon anviwònman ak jesyon dirab resous natirèl nan Lavale Jakmèl.
